Lang franse, yon retay kolonizasyon an Ayiti.

0
692

Depi nan lane 1970 Ayiti pran plas li pami 88 eta ak gouvènman manm OIF (Organisation Internationale de la Francophonie). Yon òganizasyon ki (swadizan) la pou fè pwomosyon lang franse, divèsite kiltirèl ak lengwistik, demokrasi ak dwa moun, kore ledikasyon ak rechèch epi devlope zanmitay.

An Ayiti, menm jan ak nan anpil peyi ki bileng, gen yon lang ki dominan (Sa moun save yo rele sipèstra) ak yon lòt ki domine (sibstra). Lang franse se lang ki dominan an, epi lang kreyòl se lang ki domine a. Se ak li nou chwazi fè lekòl. Poutan se lang kreyòl moun plis pale nan peyi a, se li tout ayisyen natif natal konprann san grate tèt. Sa ki fè anpil espesyalis nan syans sosyal ak syans moun poze gwo keksyon sou koze sila a.

Gen anpil dilatwa ki fèt sou koze sa, soti nan refòm Bernard nan lane 1979 pou tonbe nan pledwaye Charlot Jean Baptiste, se pa de pale anpil, se pa de jefò ki fèt pou lang Kreyòl sèvi kòm lang ofisyèl pou aprann timoun lekòl. Men anyen pa janm ateri toutbonvre.
Malgre nan lane 1950 yo, espè nan « UNESCO » pibliye yon rapò ki di « pi bon zouti pou anseye timoun se lang manman l ». Nou konn kisa sa vle di pou yon peyi tankou Ayiti kote kreyòl se siman ki soude tout ayisyen.

Malgre sa, moun ki la pou pran desizyon nan ministè edikasyon bòrisit, ni nan piwo nivo nan pouvwa egzekitif la touye je yo sou sa. Otorite nan peyi isit pa entèrese ak koze lang nan peyi a. Pa gen okenn politik lengwistik nasyonal ki elabore, poutan pwoblèm nan reyèl epi li grav, sitou ak fenomèn « Frankokrasi » a ki pa sispann taye banda. Dayè, nan koze bilengwis an Ayiti, gen yon kokennchenn maleng ipokrizi ki pa sispann anvlimen. Ki lang nou pale? Ki lang ki gen pouvwa?

Depi nan kindègadenn, pase nan nivo fondamantal, tonbe nan nouvo segondè, pwofesè pa sispann vann lang franse kòm yon lang ki fè w parèt pi save lè w pale l pase lè w pale Kreyòl, kòmkwa depi w ka di « jeswi jete jeswi ranmase » ou se gwo entèlektyèl devan letènèl. Konsa, yo konstwi yon prejije antikreyòl lakay tout timoun. Kòm rezilta, anpil moun itilize lang franse pou kache medyokrite yo.

Ki wòl OIF nan tout koze sa ?

« Okenn pèp pa janm fin libere tèt li anba anpriz kolonyal lè l toujou kenbe lang kolonizatè l la » OIF konnen sa. Se sa k fè malgre tout dilatwa ki fèt sou koze lang kreyòl kòm lang ansèyman, malgre rapò UNESCO nan lane 1950 yo, yo pito touye je yo sou sa pou yo ka kontinye fe pwopagann pou lang franse, paske li plis nan avantaj politik ak ekonomik yo lè ansyen koloni an kontinye itilize lang kolon an, konsa yo ka kontinye sèvi ak li kòm zouti dominasyon. Kouman yon òganizasyon ki la pou fè pwomosyon divèsite kiltirèl ak LENGWISTIK fè pa janm òganize okenn aktivite esklizivman pou pwomouvwa lang kreyòl nan yon peyi tankou Ayiti ?

Kreyolizasyon Ayiti, jouk kilè ?

Lang kreyòl se pa sèlman yon zouti kominikasyon, li se yon mwayen pou afime idantite tout ayisyen, li se yon karakteristik fondamantal pèsonalite ayisyen an. Men, lakoz lang franse ki kontinye ap sèvi kòm yon zouti dominasyon nan peyi a, sa rann enstitisyon yo pa kreyolize. Kreyolize Ayiti vle di pran yon dividal mezi pou fè lekòl an kreyòl, ekri literati nasyon an an kreyòl, pran bonjan dispozisyon pou tout emisyon ak jounal nan radyo, nan televizyon ak nan jounal ekri fèt an kreyòl, ekri tout tèks lwa an kreyòl, fè tout diskou ofisyèl isit kou nan rankont aletranje an kreyòl, elatriye. Kreyolizasyon nou pale a pa ka posib toutotan ayiti fè pati OIF, Toufwa, pwosesis « kreyolizasyon Ayiti » a pa ka anpeche yon moun pale franse nan peyi a, se sa yo rele «monolengwis leta, plirilengwis sosyete a».

Se yon pwosesis ki ap pèmèt non sèlman nou retire chay kolonyal sa sou do nou, men tou k ap fasilite moun fè pi bon lyannay ant sa ki nan panse yo ak sa y ap di, san bliye l ap pèmèt bonjan konprann lakay tout ayisyen.

Kòm otorite ki la kounya yo pa bay zafè lang regle anyen pou yo, ayisyen ap kontinye panse nan lang kreyòl pou pale nan lang franse, y ap kontinye etidye istwa kreyòl nan lang franse.

Félix Magza E. LORVANDAL

Frankokrasi: Tèm redaktè a itilize pou dekri fenomèn k ap devlope nan peyi Ayiti kote moun ki ka di de mo franse yo panse yo gen pouvwa sou moun ki pale kreyòl yo.

LAISSER UN COMMENTAIRE

Please enter your comment!
Please enter your name here